JOU LASANTE

Randevou samdi 19 Jiyè | Soti 10è nan maten pou rive 2è apremidi

Nan lokal:

Ameriplex Complex nan Children’s Village Childcare Center
5555 Galeao Ct, Indianapolis, IN 46241

Pare pou rantre lekòl la!

Jou Lasante se yon aktivite kominotè GRATIS ki fèt pou ede fanmi yo prepare pou yon bon kòmansman ane lekòl, nan bon jan lasante.

Sèvis yo GRATIS ak yap fèt sou plas

  • Egzamen sante pou timoun
  • Tès zorey ak je
  • Vaksinasyon
  • Egzamen dan
    • Lap GRATIS pou moun ki sou Medicaid
    • Lap koute sèlman $20 pou moun ki pa gen asirans
  • Tès pou mezire nivo plon nan san
  • Wap kapab mezire wotè ak pwa w

Anplis de sa, wap jwenn

  • Sak lekòl transparan ak materyèl lekòl GRATIS
  • Aktivite ak jwèt amizan pou timoun
  • Gato espesyal pou tout fanmi an
  • Aksè ak bon jan resous kominotè — depi nan gwosès rive nan adolesans

Kiyès ki dwe patisipe?

Evènman sa a louvri pou tout fanmi nan zòn Indianapolis la, espesyalman pou moun ki pa gen asirans, ki pa gen ase asirans, oswa ki sou Medicaid. Pa bezwen pran randevou, men yo rekòmande pou w enskri davans pou vaksen ak egzamen dan yo pou kapab asire ke w jwenn sèvis yo.

Vaksinasyon

  • Tout vaksen ap disponib pou tibebe, timoun, ak granmoun
  • Nou ap ankouraje w enskri davans
  • Kòd Enskripsyon: IN65942
  • Select: The Villages Child Care Center – 7/19/25
  • Enskri isit la.

Egzamen dan

  • Lap GRATIS pou moun ki sou Medicaid
  • Lap koute sèlman $20 pou moun ki pa gen asirans
  • Non Biwo ak Sit: The Villages
  • Enskri isit la

Jou Lasante 2025 ap sipòte pa: